Egzamen sivik 2008: tout 100 kesyon yo ak repons yo (an kreyòl ak an angle)
Egzamen sivik 2008 se pou moun ki soumèt Fòm N-400 anvan 20 oktòb 2025. Ofisye a poze jiska 10 nan 100 kesyon sa yo an angle, e ou pase ak 6 bon repons.
Ou te fè demann ou nan lòt bò dat 20 oktòb 2025 la? Etidye egzamen sivik 2025. Ou pa sèten?
Kesyon ak repons an kreyòl yo se tradiksyon ofisyèl USCIS.
Gouvènman ameriken
Prensip sou demokrasi ameriken an
- 1Ki jan yo rele pi gwo lwa peyi a?
Konstitisyon · the Constitution - 2Ki sa konstitisyon fè?
Mete gouvènman an plas · sets up the government - 3Lide nou kapab gouvène tèt nou an se twa (3) premye mo nan Konstitisyon an. Ki twa (3) premye mo sa yo?
Nou menm pèp la · We the People - 4Ki sa yon amandman ye?
Yon bagay ke yo chanje (nan Konstitisyon an) · a change (to the Constitution) - 5Kijan yo rele 10 (dis) premye amandman nan Konstitisyon an?
Deklarasyon dwa yo · the Bill of Rights - 6Di’m yon dwa oswa yon libète ki nan Premye Amandman an?
lapawòl · speech★ - 7Konbyen amandman ki gen nan Konstitisyon an?
27 (Vennsèt) · twenty-seven (27) - 8Ki sa Deklarasyon Endepandans lan te fè?
Anonse endepandans nou (nan men Grann Bretay) · announced our independence (from Great Britain) - 9Di’m de dwa ki nan Deklarasyon Endepandans lan?
Lavi · life - 10Ki sa libète relijyon vle di?
Ou ka pratike nenpòt ki relijyon, oswa pa pratike okenn relijyon · You can practice any religion, or not practice a religion. - 11Ki jan yo rele sistèm ekonomik peyi Etazini an?
Ekonomi Kapitalis · capitalist economy★ - 12Kisa « regleman lalwa » vle di?
Tout moun dwe swiv lalwa · Everyone must follow the law.
Gouvènman ameriken
Sistèm gouvènman an
- 13Di’m non yon branch oswa yon pati nan gouvènman an?
Palman an/kongrè · Congress★ - 14Ki sa ki anpeche yon branch nan gouvènman an vin gen twòp pouvwa?
Tchèk ak balans · checks and balances - 15Ki moun ki responsab branch egzekitif la?
Prezidan an · the President - 16Ki moun ki fè lwa federal yo?
Palman an · Congress - 17Ki de pati ki gen nan Palman Etazini an?
Sena ak Chanm Depite · the Senate and House (of Representatives)★ - 18Konbyen senatè ameriken ki genyen?
100 (san) · one hundred (100) - 19Pou konbyen tan nou mete senatè yo?
6 (sis) zan · six (6) - 20Di’m non youn nan senatè nan Eta kote ou rete kounyen a?
Depann sou kote ou rete · ★ - 21Konbyen manb ki ka vote ki gen nan La Chanm?
435 (Kat san trant senk) · four hundred thirty-five (435) - 22Pou konbyen tan nou mete depite ameriken yo?
2 (De) zan · two (2) - 23Di’m non depite ki reprezante zòn ou an?
Depann sou kote ou rete · - 24Ki moun yon senatè ameriken reprezante?
Tout moun ki rete nan Eta sa · all people of the state - 25Pou ki sa gen eta ki gen plis depite ke yon lòt?
Akòz de popilasyon eta a · (because of) the state’s population - 26Pou konbyen tan nou mete yon prezidan?
4 (Kat) · four (4) - 27Nan ki mwa nou vote pou prezidan?
Novanm · November★ - 28Ki jan yo rele moun ki prezidan Etazini kounyen an?
Donald J. Trump · Donald J. Trump★ - 29Ki jan yo rele moun ki vis-prezidan Etazini kounyen an?
JD Vance · JD Vance - 30Si prezidan an pa ka sèvi peyi ankò, ki moun k’ap ranplase’l?
Vis-presidan an · the Vice President - 31Si prezidan an ak vis-prezidan an pa ka sèvi peyi ankò ki moun k’ap ranplase yo?
Prezidan Lachanm nan · the Speaker of the House - 32Ki moun ki kòmandan an chèf lame a?
Prezidan an · the President - 33Ki moun ki siyen pwojè lwa yo ki vin tounen lwa?
Prezidan · the President - 34Ki moun ki ka rejte pwojè lwa yo?
Prezidan · the President - 35Ki ròl Kabinè Prezidan an?
Bay Prezidan an konsèy · advises the President - 36ban’ m non 2 (de) pòs nan kabinè a?
Minis Agrikilti · Secretary of Agriculture - 37Ki sa branch jidisyè a fè?
Revise lwa yo · reviews laws - 38Ki jan yo rele pi gwo tribinal Etazini an?
Tribinal Siprèm · the Supreme Court - 39Kombyen jij ki genyen nan Tribinal Siprèm nan?
9 (nèf) · nine (9) - 40Ki jan yo rele Jij an Chèf Tribinal Siprèm nan?
John Roberts · John Roberts - 41Nan konstitisyon nou an, gen de pouvwa ke gouvènman federal genyen. Di’m yon pouvwa gouvènman federal la genyen?
Enprime lajan · to print money - 42Nan konstitisyon nou an, gen de pouvwa ke eta yo genyen. Di’m yon pouvwa eta yo genyen?
Bay lekòl ak enstriksyon · provide schooling and education - 43Ki jan yo rele gouvènè Eta kote ou rete a?
Depann sou kote ou rete · - 44Ki jan yo rele kapital Eta ou rete a?
Depann sou kote ou rete · ★ - 45Ki jan yo rele 2 (de) pi gwo pati politik ki gen nan Etazini an?
Democrat ak Repibliken · Democratic and Republican★ - 46Nan ki pati politik prezidan an sòti?
Pati Repibliken · Republican (Party) - 47Ki jan yo rele Prezidan LaChanm nan?
Mike Johnson · Mike Johnson
Gouvènman ameriken
Dwa ak responsabilite
- 48Gen 4 (kat) amandman nan konstitisyon an ki pale de ki moun ki ka vote. Di’m youn ladan yo?
Moun ki ameriken ki gen 18 (dizuit)an oswa plis (kapab vote) · Citizens eighteen (18) and older (can vote). - 49Di’m yon responsabilite ki sèlman pou moun ki ameriken?
Sèvi kòm manm jiri · serve on a jury★ - 50Di’m yon dwa ke sèl moun ki ameriken genyen?
Vote nan eleksyon federal · vote in a federal election - 51Di’m 2 (de) dwa oswa libète tout moun k’ap viv nan Etazini genyen?
Libète pou di sa lide’w di’w · freedom of expression - 52Anvè ki sa nou montre fidelite nou lè nap resite “Sèman ki montre atachman nou”?
Etazini · the United States - 53Di’m yon pwomès ou fè lè’w vin yon ameriken?
Renonse fidèlite’w ak lòt peyi · give up loyalty to other countries - 54Ki laj pou yon ameriken gen pou’l ka vote pou prezidan?
18 (Dizuit) an oswa plis · eighteen (18) and older★ - 55Ki 2 (de) jan ameriken ka patisipe nan demokrasi yo?
Vote · vote - 56Ki dènye jou pou yon moun ka voye papye taks ou ale?
15 (kenz) avril · April 15★ - 57A ki laj tout gason dwe enskri pou lame?
Lè li gen 18 (dizuit) an · at age eighteen (18)
Istwa ameriken
Tan kolonyal ak endepandans
- 58Di’m yon rezon ki fè kolon yo te vini an Amerik?
Libète · freedom - 59Ki moun ki te rete an Amerik anvan Ewopeyen yo te vini?
Endyen ameriken · American Indians - 60Ki gwoup moun yo te mennen an Amerik epi yo te vann yo kòm esklav?
Afriken · Africans - 61Pou ki sa kolon yo te goumen ak angle yo?
Paske yo t’ap peye anpil taks (peye taks san reprezantasyon) · because of high taxes (taxation without representation) - 62Ki moun ki te ekri deklarasyon endepandans lan?
(Thomas) Jefferson · (Thomas) Jefferson - 63Ki dat yo te adopte deklarasyon endepandans lan?
4 jiyè 1776 · July 4, 1776 - 64Te gen 13 (trèz) premye eta. Di’m 3 (twa).
Nou Anmchè · New Hampshire - 65Ki sa ki te pase nan konvansyon pou konstitisyon an?
Yo te ekri konstitisyon an · The Constitution was written. - 66Ki lè konstitisyon an te ekri?
1787 · 1787 - 67Papye Federalis yo te soutni pasaj ki nan konstitisyon ameriken an. Di’m non youn nan moun ki te ekri yo?
(James) Madison · (James) Madison - 68Di’m yon bagay ke tout moun te konnen sou Benjamin Franklin?
Diplomat ameriken · U.S. diplomat - 69Ki moun ki “papa peyi nou an”?
(George) Washington · (George) Washington - 70Ki moun ki te premye prezidan?
(George) Washington · (George) Washington★
Istwa ameriken
Ane 1800 yo
- 71Ki teritwa Etazini te achte nan men laFrans an 1803?
Teritwa Lwizyann · the Louisiana Territory - 72Di’m yon lagè Etazini te goumen ladan’l nan ane 1800 yo.
lagè 1812 · War of 1812 - 73Di’m yon lagè ki te fèt ant Nò ak Sid isit lan Etazini?
lagè sivil · the Civil War - 74Di’m yon pwoblèm ki te lakòz lagè sivil la?
Esklavaj · slavery - 75Di’m yon bagay enpòtan Abraham Lincoln te fè?
Libere esklav yo (Pwoklame Liberasyon) · freed the slaves (Emancipation Proclamation)★ - 76Ki sa proklamasyon liberasyon an te fè?
Libere esklav yo · freed the slaves - 77Ki sa Susan B. Anthony te fè?
Li te goumen pou dwa fanm · fought for women’s rights
Istwa ameriken
Istwa ameriken resan ak lòt enfòmasyon enpòtan sou listwa
- 78Di’m yon lagè Etazini te goumen ladan’l nan ane 1900 yo?
Premyè Gè Mondyal · World War I★ - 79Ki moun ki te prezidan panda Premyè Gè Mondyal?
(Woodrow) Wilson · (Woodrow) Wilson - 80Ki moun ki te prezidan pandan Gwo Kriz ekonomik lan ak Dezyèm Gè Mondyal?
(Franklin) Roosevelt · (Franklin) Roosevelt - 81Kont ki peyi Etazini te goumen nan Dezyèm Gè Mondyal?
Japon, Almay ak Itali · Japan, Germany, and Italy - 82Avan li te prezidan, Eisenhower te yon jeneral. Nan ki lagè li te ye?
Dezyèm Gè Mondyal · World War II - 83Padan Lagè Frèt la, ki pi gwo enkyetid Etazini te genyen?
Kamoken · Communism - 84Ki mouvman ki te eseye sispann prejije koulè a?
(Mouvman) Dwa Sivil · civil rights (movement) - 85Ki sa Martin Luther King, Jr. te fè?
Li te goumen pou dwa sivil · fought for civil rights★ - 86Ki gwo evènman ki te pase nan Etazini 11 Septanm 2001?
Teworis yo te atake Etazini · Terrorists attacked the United States. - 87Di’m non yon tribi Endyen ki gen nan Etazini?
Tchiwòki · Cherokee
Sivik entegre
Jeyografi
- 88Di’m youn nan rivyè ki pi long nan Etazini?
(Rivyè) Misouri · Missouri (River) - 89Ki oseyan ki nan kòt lwès Etazini?
(Oseyan) Pasifik · Pacific (Ocean) - 90Ki Oseyan ki nan kòt ès nan Etazini?
(Oseyan) Atlantik · Atlantic (Ocean) - 91Di’m yon teritwa ki pou Etazini?
Pòtoriko · Puerto Rico - 92Di’m non yon eta ki kole ak Kanada?
Meyin · Maine - 93Di’m yon eta ki kole ak Meksik?
Kalifòni · California - 94Ki kapital Etazini?
Wachinnton D.C. · Washington, D.C.★ - 95Ki kote estati Lalibète a ye?
Nou Yòk (Waf) · New York (Harbor)★
Sivik entegre
Senbòl yo
- 96Pou ki sa drapo a genyen 13 (trèz) ba?
Paske te genyen 13 (trèz) premye koloni · because there were 13 original colonies - 97Pou ki sa drapo a genyen 50 (senkant) zetwal?
Paske gen yon zetwal pou chak eta · because there is one star for each state★ - 98Ki jan yo rele Im Nasyonal la?
labanyè ki plen zetwal · The Star-Spangled Banner
Sivik entegre
Jou ferye yo
Pa gen kesyon ki koresponn. Eseye yon mo ki pi kout oswa chèche nan tout sit la.
Aksè konplè
Pratike tankou nan vrè entèvyou a
- Egzamen pratik ki kanpe nan 12 bon repons oswa 9 move, tankou vrè egzamen 2025 la
- Tande chak kesyon an angle e reponn byen fò
- Wè kesyon ou rate yo e etidye yo an premye
- Gid etid pou enprime pou egzamen 2025 ak 2008 (PDF, an angle)
Ou te deja achte? Konekte
Peman an sekirite ak Stripe. Sit sa a pa gen okenn rapò ak USCIS ni ak gouvènman Etazini.
Kesyon moun poze souvan
Ki moun ki pase Egzamen sivik 2008?
Pou moun ki soumèt Fòm N-400 anvan 20 oktòb 2025. Se dat ou te soumèt Fòm N-400 la ki deside sa, pa dat entèvyou a.
Konbyen kesyon ki gen nan Egzamen sivik 2008?
Gen 100 kesyon ofisyèl. Ofisye a poze w jiska 10 ladan yo byen fò an angle. Ou pase si ou bay 6 bon repons. Egzamen an kanpe lè ou bay 6 bon repons oswa 5 move.
Ki sa règ 65/20 la ye?
Si ou gen 65 an oswa plis e ou gen 20 an oswa plis kòm rezidan pèmanan lè ou fè demann lan, ou etidye sèlman 20 kesyon ki gen yon zetwal. Ofisye a poze w 10 ladan yo, e ou bezwen 6 bon repons. Ou ka pase egzamen sivik la an kreyòl tou.
Èske egzamen an an angle oswa an kreyòl?
Egzamen an an angle. Se sèlman moun ki kalifye pou yon egzanpsyon akòz laj (50/20, 55/15 oswa 65/20) ki ka pase egzamen sivik la nan lang pa yo ak yon entèprèt. Se pou sa nou toujou montre kesyon ak repons ofisyèl yo an angle tou.
Sous: USCIS M-638 (rev. 01/19) ak tradiksyon ofisyèl li an kreyòl. Verifye mizajou egzamen USCIS (an angle) anvan entèvyou ou.